Twa Kestyon yo (Leo Tolstoy, 1885)


Te gen yon fwa yon Wa ki te rann li kont ke si li te toujou sèten ki moman se te bon moman pou l kòmanse tout aktivite a, e si li te toujou setèn kimoun li ta dwe koute e kimoun ke li dwe evite, e sitou si li te toujou sèten ki bagay ki te plis enpòtan pou l fè, li pa ta janm echwe okenn bagay ke li ta eseye.
E apre li te panse sa, li te voye yon mesaj toupatou nan wayòm li. Li te di ke li ta rekonpanse nenpòt moun ki ta montre li kilè ki se te bon moman pou l kòmanse chak aktivite, e kimoun ki te pi nesesè, e kijan li ka konnen ki bagay ki te plis enpòtan pou l fè.
Moun lespri te vini pale avè Wa a, men yo tout te ba l repons diferan.
Pou premye kestyon an, kèk moun te di ke pou konnen bon moman pou ou kòmanse tout aktivite, fòk ou gen yon almanak konplike avèk jou yo, mwa yo ak ane yo, epi ou dwe planifiye lavi ou avèk almanak la. Yo te di ke sa se te sèl fason ke ou ka kòmanse tout aktivite nan bon moman an. Lòt moun te di ke se te enposib pou w deside an avans ki moman se te bon moman pou w kòmanse tout aktivite a. Yo te di ke fòk ou evite tout distraksyon initil, e toujou gade tout ki ap rive toutotou ou, epi ou ka fè sa ki plis enpòtan. Anplis, lòt lòt moun te di ke menmsi Wa a te toutafè veyatif, se te enposib pou youn sèl moun konnen bon moman pou l kòmanse chak aktivite, men li ta dwe gen yon komite moun lespri ki ta ede l konnen bon moman pou tout bagay.
Men ankò yon fwa te gen lòt ki te di ke pafwa pa gen ase tan pou w konsilte avèk yon komite. Pafwa ou dwe aji touswit. Poutèt sa fòk ou konnen davans sa ki ap rive. Se sèlman divinò ki konnen sa, kidonk, pou w konnen bon moman pou w kòmanse tout aktivite ou dwe konsilte divinò.
Repons yo ke yo te ba l pou dezyèm kestyon te divès tou. Kèk moun te di ke moun ke Wa a te plis bezwen te konseye li yo, lòt te di prèt yo, lòt te di doktè yo, e lòt te di ke sòlda yo te plis enpòtan.
Kanta pou twazyèm kestyon an, youn apropode ki aktivite ki plis enpòtan an, kèk moun te reponn ke bagay ki plis enpòtan nan lemonn se te lasyans. Lòt moun te di se te konpetans nan lagè, epi lòt moun ankò te di se te relijyon.
Kòm tout repons yo te diferan, Wa a pat dakò ak okenn, e li pat bay pesonn rekonpans la. Men pwiske li te vle toujou jwenn bon repons pou twa kestyon li yo, li te deside pou l konsilte yon nèg mòn ke tout moun konnen te saj anpil.
Nèg mòn lan abite nan yon forè ke li pat janm kite, e li sèlman konn akeyi moun pòv yo. Alò Wa a te mete rad senp, e anvan li te rive lakay nèg mòn lan li te demonte chwal li, e li te kite gad li yo pou l kontinye pou kont li.
Lè Wa a te rive, nèg mòn lan tap fouye tè a douvan ajoupa li. Li te wè Wa a, li te salye li, epi l te kontinye fouye. Nèg sa te mèg ak fèb, e chak fwa li te rakle tè a li te respire ak difikilte.
Wa a te abòde l epi li te di konsa: “Mwen vini wè ou, nèg saj o, pou m mande w twa kestyon. Kijan m ka aprann fè bon aktivite a nan bon moman an? Kimoun se moun ke mwen plis bezwen, e donk kimoun ke mwen dwe koute plis pase lòt yo? Epi ki zafè ki plis enpòtan, e donk kisa m dwe fè an premye, anvan tout lòt bagay?”
Nèg la te koute Wa a, men li pat di anyen. Li te krache sou de men li epi li te kontinye fouye tè a.
“Ou fatige,” Wa a di. “Ban m louchèt ou e kite m travay pou ou pandan you ti tan.”
“Mèsi!” nèg la di, e li te bay Wa a louchèt li epi li te chita atè.
Apre li te fouye pandan yon bon bout tan, Wa a te rete e mande twa kestyon yo yon lòt fwa. Ankò nèg pat ba l yon repons, men li te kanpe debou, etann men li pou l kenbe louchèt la, e di konsa:
“Kounye a, fòk ou rete pandan yon ti tan, e kite m travay toupiti.”
Men Wa a pat ba l louchèt la, e li te kontinye fouye. Inèdtan te pase, epi yon lòt èdtan. Solèy la te kòmanse disparèt dèyè pyebwa yo, e anfen Wa a te mete louchèt la atè e di konsa:
“Mwen te vini wè ou, nèg saj o, pou m resevwa repons pou kestyon mwen yo. Si ou pat ka ban m yo, di m, e map tounen lakay mwen.”
“Gen yon moun ki ap kouri nan direksyon sa,” nèg mòn te di, “annou wè kimoun li ye.”
Wa a te vire gade e li te wè yon nonm avèk yon bab ki te kouri soti nan raje a. Nonm lan te gen yon bab sou figi l e li tap kenbe vant li avèk de men li, e san koule anba yo. Lè li te pwoche Wa a, li te pèdi konesans e tonbe atè ap pouse yon plent fèb. Wa a ak nèg mòn lan te deboutonen chemiz li. Te gen yon gwo blesi sou vant li. Wa a te netwaye l pi bon li te kapab, epi li te bande l avèk mouchwa li e avèk yon sèvyèt ke nèg moun lan te gen. Men san an pat sispann koule, e anpil fwa Wa a te wete banday la ki te chaje ak san, epi li te netwaye blesi a e mete banday la ankò. Anfen san an te sispann koule, e nonm lan te reveye e mande yon bwason. Wa a te chèche dlo frèch e li te bay nonm lan li. Pandansetan solèy la te fin kouche e lè a te vin frè. Alò Wa a ak nèg mòn lan te pote nomn blese a nan ajoupa a e mete li sou kabann lan. La sou kabann lan li te femen je li e rete trankil. Men Wa a te sitèlman fatige apre tout zafè sa yo ke li te kouche sou papòt la e dòmi te pran li lamenm. Se te yon gwo somèy e li te rete la pandan tout lannuit kout lete sa. Lè li te reveye nan maten an yon bon bout tan te pase anvan li te sonje kote li te ye e kimoun dwòl nonm lan te ye, nonm lan ki te toujou sou kabann lan e ki te gade Wa a avèk je briyan.
“Mwen priye ou padon,” nonm avèk bab la te di nan yon ti vwa fèb lè li te wè Wa a te je kle e tap gade l.
“Mwen pa rekonèt ou, e pat gen okenn rezon pou m padonnen ou.”
“Ou pa rekonèt mwen, men mwen rekonèt ou. Mwen se ennmi ou ki te jire m ta pran revanch sou ou paske ou te egzekite frè m e sezi propriyete li. M te konnen ou te vin vizite nèg mòn lan, e m te deside pou m touye ou pandan ou tap retounen. Men jou a te pase e ou pat tounen. Alò m te kite kachèt mwen e m te jwenn gad ou, e yo te rekonèt mwen e blese mwen. Mwen te chape, men si ou pat bande blesi mwen m ta senyen jiska lanmò. Mwen te vle touye ou, men ou te sove lavi m. Kounye a, si m viv e si ou ta vle l, map vin esklav plis fidèl ou, e map fòse pitit gason mwen yo fè parèyman. Padonnen mwen!”
Wa a te tre kontan paske li te fè lapè avèk ennmi li fasil konsa, e ennmi l te devni zanmi l, e li pat sèlman padonnen li, men li te di li tapral voye doktè li ak sèvitè li pou yo swen li, e li te promèt li tapral remèt propriyete frè li pou li.
Epi li te kite moun blese sou kabann lan e soti nan ajoupa a pou l chèche nèg saj la. Anvan li pati, li toujou te vle yon repons pou twa kestyon li. Nèg saj la te deyò a jenou e li tap simen nan jaden ke yo te fin fouye jou anvan an.
Wa a te abòde l e di l konsa:
“Pou dènye fwa a, mwen priye ou reponn kestyon mwen yo, nèg saj o.”
“Ou te gentan resevwa repons ou,” nèg mòn lan te di, toujou ap akoupi sou janm mèg li e gade anwo pou l wè Wa a ki te kanpe douvan li.”
“Kisa repons? Kisa w di?”
“Ou pa wè?” nèg mòn lan di. “Si w pat plenn fèblès mwen yè, e pat fouye jaden an pou mwen, moun sa ta atake ou e ou ta regrete ou pat rete avè m. Alòs moman plis enpòtan an se te lè ou te fouye, moun plis enpòtan an se te mwen menm, e ede mwen te zafè plis enpòtan. Apre sa lè nonm lan te kouri rive isit la, moman plis enpòtan se te lè ou te swen li, paske si w pat ede bande blesi l, li ta mouri san fè lapè avè w. Alòs li te moun plis enpòtan an e sa ou te fè pou li se te zafè plis enpòtan ou. Tande! Gen sèlman youn moman ki enpòtan—kounye a! Se moman plis enpòtan paske se sèl moman lè nou gen pouvwa. Moun ki plis nesesè, se moun ki avè w, paske pèsonn pa ka konnen si l ap kontre yon lòt moun apre sa, e zafè plis enpòtan se pou ou aji byen avè l, paske sa se sèl rezon moun genyen lavi!”