Moun ki Fè Sa ki Bon an (Oscar Wilde, 1894)

Se te lannuit e moun lan te pou kont li.
Li te wè yon lavil won nan distans la, e li te kòmanse mache vanse sou li.
E lè Li te pwoche lavil la, Li te tande bwi pye ki tap danse avèk lajwa, e yon bann moun kontan ki tap ri e anpil gita ki tap fè mizik. E Li te frape pòtay la e kèk gad te kite L antre.
Epi Li te wè yon bèl kay an mab avèk pilye an mab douvan li. Te gen dekorasyon ki te kwoke sou pilye yo, e te gen tòch anndeyò e anndan kay la. Moun lan te antre nan kay la.
E apre Li te pase anba de koridò fèt ak wòch bijou tankou agat ak jasp, Li te rive nan yon gwo salamanje kote li te wè yon nonm ki te kouche sou yon gwo kanape mòv. Moun sa te gen yon kouròn an fle sou tèt li e po bouch li te wouj ak diven.
E moun ki fèk rive te abòde lòt moun lan, Li te mete men li sou zepòl lòt moun lan e Li te di konsa: “Poukisa ou ap viv konsa?”
E jennjan sou kanape a te vire gade L, li te rekonèt li e li te di l konsa: “Ebyen, mwen te gen yon movèz maladi po anvan ou te geri mwen. Alòs kijan m ta dwe viv, si pa konsa?”
E moun ki fèk rive te vire sòti nan lakay pou l rive nan lari ankò.
E apre yon ti moman Li te wè yon madanm ki te gen rad elegan e yon figi ki te makiye anpil e li te gen pèl sou soulye li yo. Te gen yon nonm dèyè madanm nan ki tap swiv li e nonm sa te pote yon tòj an de koulè. Figi madanm nan te bèl tankou figi yon zidòl e je nonm lan tap fikse madanm lan avèk gwo je.
Moun ki fèk rive nan lavil la te swiv yo epi Li te touche men jenòm lan e li te di l konsa: “Poukisa ou fikse madanm lan konsa?”
E jenòm lan te vire tèt li pou l gade lòt moun lan, e li te rekonèt li e di: “Ebyen mwen te avèg anvan, e ou te ban m visyon. Ki lòt bagay genyen ke m ta dwe gade?”
E premye moun lan te kouri akoste madanm lan e Li te touche rad elegan madanm lan epi Li te di l konsa: “Eske pa gen lòt fason pou ou viv apa lavi an peche?”
E madanm lan te vire tèt li pou l gade Li epi li te rekonèt Li, epi madamn lan te reponn konsa: “Men ou te padonnen peche mwen yo, e yon tèl lavi gen anpil plezi.”
Epi moun lan te sòti nan lavil la.
E dèke Li te kite lavil la Li te wè yon moun ki te chita bòkote lari a e li tap kriye.
E moun ki fèk kite lavil la te abòde moun sa e Li te touche cheve li e di konsa: “Poukisa ou ap kriye?”
E jenòm lan te gade l e rekonèt Li, e li te reponn konsa: “Men mwen te mouri, e ou te ban m lavi ankò. Ki lòt bagay ke m ta dwe fè apa kriye?”

No comments:

Post a Comment