Ti Machann Alimèt la (Hans Christian Andersen, 1845)

Li te fè frèt anpil. Lanèj tap tonbe, e li te prèske fènwa. Aswè a tap vini, denyè aswè lane a. Nan mitan frèt la ak fènwa a te gen yon ti fi malere ki tap mache san chapo e pye atè. Lè li te sòti nan kay la li te pote pantouf, se tout bon; ala de koze! Yo te gwo anpil, e manman li te konn pote yo; yo te sitèlman gwo ke ti fi a te pèdi yo pandan li tap fofile kò l nan lari a, paske de gwo bogi te pase li ak tout vitès. Youn nan pantouf yo te disparèt nèt; kanta pou lòt, yon vyenvyen te ranmase l epi li te kouri pàti. Ti gason an te di ke li ta ka sèvi kòm bèso lè l a gen yon pitit yon jou nan fiti a. Alò ti fi a te kòntinye vanse sou pye toupiti li yo ki tap vin ble e wouj. Li te pote yon pakèt alimèt nan tabliye l, e li te kenbe kèk lòt nan men li. Pèsonn pat achte anyen nan men li pandan tout jou sa; pèsonn pat ba l yon ti santim.
Li kilbite san repo, ap tranble akòz fredi a ak grangou a—se te imaj menm chagren an, podyab!
Flakon nèj yo te kouvri cheve long ak klè li, ki te pandye nan bèl bouk toutotou kou li; men ti fi a pat panse ak sa ditou. Nan tout fenèt yo, te gen chandèl kap klere, e te gen bon odè zwa boukannen, paske se te Lavèy joudlan; wi, se panse ak sa li tap panse.
Nan yon ti kwen fèt ak de kay, youn ki tann yon ti kras pi lwen devan lòt, ti fi a te chita e akokiye. Li tap vin pi frèt pi frèt, men li pa ta oze tounen lakay, paske li potko vann youn sèl alimèt, li potko genyen youn sèl kòb, e papa li tapral bat li asireman. Antouka, li fè frèt nan lakay li tou, paske van lan soufle nan do kay la, menmsi yo te fin foure fann pi gwo yo avèk pay e ranyon.
De men li te prèt pou yo mouri akòz fredi a. O! Yon alimèt ta ka soulaje l tout bon, si li te atire l sòti pakèt la, frote l sou mi an, epi chofe dwèt li yo avè l. Li te atire youn. Rrrratch! Ala li briye e boule! Li te ba yon ti flanm klè, tankou yon chandèl, e ti fi a te mete de men li toupre li; men limyè a te sanble dwòl! Nan je ti fi a, flanm lan sanble yon gwo recho an fè. Apa dife a boule byen! Apa li soulaje l! Timedam lan te fin tann pye li pou l chofe yo tou; men dife a te tenyen, recho a te disparèt; li te gen sèlman rès alimèt boule a nan men li.
Li te limen yon lòt sou mi an. Li te briye fò, e lè limyè a te touche mi an, li te vin transparan tankou yon vwal, e ti fi a te ka wè anndan yon chanm. Te gen yon tab avèk yon tapi blan kouwè lanèj e vesèl klere. Zwa boukannen an tap toufe byen toufe, boure avèk pòm e prin. Ositou, zwa a te bonde sou tab la pou l rive atè epi li te mache avèk you kouto e yon fouchèt nan pwatrin ni, vanse nan direksyon ti fi a. Alimèt la te tenyen, e timedam lan te ka sèlman wè mi epe ak frèt la. Li te limen yon lòt alimèt. Epi li te trouve li ap chita anba yon gwo abdenwèl. Se te anpil pi gwo e pi bèl pase sa li te wè atravè fenèt la nan kay machann rich la. Te gen yon bann chandèl sou bwanch vèt yo, e anpil potrè an koule, menmjan yo nan fenèt magazen yo, te anwo l ap gade l. Ti fi a te lonje de men li vè imaj sa yo. Alimèt la te tenyen. Men chandèl nwèl yo te leve anlè. Nan je ti fi a, yo te sanble tankou zètwal nan syèl la. Youn nan yo te tonbe, ap fè yon liy long an dife.
“Kounye a yon moun ap mouri,” ti fi a te panse, paske granmè li, sèl moun ki te janm renmen li, e ki te fin mouri limenm, li te di ti fi a ke lè yon zètwal tonbe gen yon nanm ki tap leve jiska Bondye.
Li te grate yon lòt alimèt sou mi an. Alimèt la te vin briyan ankò, e fòm granmè a te kanpe devan li, ap briye, ap genlè janti ak bèl.
“Granmè!” timoun lan te rele. “Mennen m avè w! Mwen konnen wap disparèt lè alimèt la tenyen. Wap disparèt menm jan ak recho cho a, zwa boukannen mèveye a, e gwo abdenwèl fen an!”
Epi li te limen pakèt antye alimèt la, paske li te vle granmè l rete avè l. E limyè alimèt yo te vin pi briyan pase solèy la. Granmè a pat janm genlè sitèlman bèl ni sitèlman mànyifik. Li te pran ti fi a nan bra li, e yo de te vole avèk lajwa nan briyans anwo latè a, byen byen wo, kote pa gen fredi ni grangou ni lapè—yo te avèk Bondye.
Men nan kwen an, apiye sou mi an, ti fi a te chita, avèk bò figi l wouj e avèk yon ti souri, mouri nan fredi a denye aswe lane a. Solèy joudlan an te leve sou yon fòm mizerab. Ti fi a te chita la rèd ak frèt, toujou ap kenbe pakèt alimèt prèske boule a.
“Li te vle chofe tèt li,” moun yo te di. Pèsonn pat imajinen bagay mèveye li te wè yo, ni kontantman li te santi lè li te pàti avèk granmè l joudlan briyan sa.

Kimoun ki koupab? (Anton Chekhov, 1886)

Tonton mwen, Pyotr Demyanich, se yon nonm ki gen move jan, egzakteman tankou yon pwason pouri avèk yon fouchèt ladan l. Yon jou li tap prepare l pou l ale lise kote l se te ansenyan laten an, lè l te remake ke sourit te fin moulen rabò diksyonè laten li.
“Gade non, Praskovya,” li di kwizinyèz la lè l te antre nan kuizin nan. “Poukisa nou gen sourit lakay? Map di w! Yè se te chapo mwen ke yo te moulen, epi jodi a yo te defigire diksyonè laten mwen an… Si nou pa fè yon kichòy se rad mwen yo y a manje.”
“Kisa m ka fè? Mwen pat mennen yo anndan,” Praskovya di.
“Fòk nou fè yon kichòy. Ou ta dwe achte yon chat, pa vre?”
“Mwen gen yon chat, men li initil.”
Praskovya te lonje dwèt li sou yon tichat, mwens tankou yon alimèt, ki tap dòmi bò kote yon bale.
“Poukisa li initil?”Pyotr Demyanich mande.
“Li jèn anpil, e sòt tou. Li poko gen de mwa.”
“Ebyen… Fòk nou antrene li. Pito li aprann pase li dòmi konsa.”
Pyotr Demyanich te pase yon soupi kagou, epi li te pàti. Tichat la te leve tèt li, gade misye k ap pàti a, epi fenmen de je li ankò.
Men tichat la pat dòmi touswit. Li rete la ap panse. Kisa li panse? San eksperyans lavi, san enpresyon lemonn nan espri l, refleksyon li yo te ka sèlman baze sou ensten an, e li te ka sèlman konsevwa lavi dapre lide ke li te erite, ansanm avèk chè ak san, nan men zansèt li yo, tig yo (wè Darwin). Refleksyon li yo te tankou rèv. Imajinasyon li konn konsevwa lemonn toutotou li tankou dezè arab la, avèk lonbraj ki deplase ki sanble ak Praskovya, recho a, bale a. Toudennkou, nan mitan lonbraj yo, yon soukoup avèk lèt te parèt; soukoup la te kòmanse pouse kat pat, li te tonbe bouje e sanble gen tandans kouri; tichat la bondi, e avèk yon sansasyon sovaj, li kenbe soukoup la nan grif li yo.
Apre soukoup la te disparèt nèt, yon moso vyann te parèt (se te Praskovya ki te kite l tonbe la). Vyann lan te pran kouri ap kriye avèk lachte, men tichat la te bondi e vare l avèk grif li yo… Chak bagay ki rive devan imajinasyon ti revè a te vin asosye ak vòl, dan, e grif… Nanm yon lòt se toujou fènwa a, e nanm yon chat plis pase pifò nan yo, men nou ka wè mezi deskripsyon imajinasyon chat la korek gras a sa ki te rive pwòchen an: Lè li tap reve konsa, toudennkou li te leve brip, ap gade Praskovya ak dife nan de je li, bonbe kò l, e bondi sou jip kwizinyèz la ap sezi l avèk grif li yo. Klèman li te fèt pou atrape sourit, se te desandans zansèt sanginè li yo san di pètèt. Ondire ke sò li se te pou l vin tèrè gadmanje yo a, e si yo pat janm eseye antrene l… Ebyen, rete gade, ou a wè.
Lè li te anrout lakay sòti lise a, Pyotr Demyanich te fè yon rive nan yon boutik, li te achte yon pyèj sourit pou kenz kopek (kòb ris). Pandan soupe, li te mete yon ti moso pate li sou zen an, epi li te mete pyèj la anba kanape a, kote te gen yon pil ansyen kaye etidyan pwofèse yo, ke Praskovya te konn itilize pou netwaye lakay. A sizè di swa, lè pwofèse laten vanyan an tap chita ap korije devwa etidyan li yo, te gen yon son sibit — bow! — sitèlman fò ke tonton mwen te sezi, li te kite plim li tonbe. Lamenm li te jwenn kanape a e li te wete pyèj la anba li. Yon ti sourit pròp te anndan pyèj la ap enspekte fil yo e tranble.
“Ebyen,” Pyotr Demyanich te bougonnen pandan li tap gade sourit la avèk yon ekspresyon malisyòs (tankou li tapral ba l yon move nòt). “Ou pri, selera! Tann gade, map montre w sa k rive lè ou wonyen diksyonè m.”
Apre l te fin joure viktim li, Pyotr Demyanich te mete pyèj sourit atè, epi li te rele konsa:
“Praskovya, gen yon sourit nan pyèj la! Mennen tichat la isit la!”
“M ap vini!” madanm nan reponn, e apre yon ti moman li te antre avèk desandans tig yo a nan bra li.
“Bon bagay!” Pyotr Demyanich di, ap frote de men li ansanm. “N ap ba l yon leson… Mete l atè devan pyèj la… Bon… Kite l pran sant sourit la e gade li… Se sa…”
Tichat veyatif la te gade tonton mwen ak fotèy li, li te pran sant pyèj sourit la, espri l bwouye, epi li te sibitman vin pè, pwobableman akòz limyè lanp lan ak de moun ki tap fikse li, e li te tonbe kouri vè pòt la.
“Rete!” tonton mwen te rele, ap kenbe ke tichat la, “rete salòp! Li pè yon sourit, bèkèkè! Gade! Se yon sourit! Gade non! Gade l, m di w!”
Pyotr Demyanich pran tichat la li te kenbe l dèyè kou ap fòse l gade sourit la nan pyèj la.
“Gade, sanzave! Pran li e kenbe l, Praskovya… Mete l devan pòt pyèj la… Lè m kite sourit la sòti, ou ap lage tichat la lamenm… Ou tande? Lage l kounye a!”
Min tonton mwen an te vin misteryèz, e li te ouvri pòt pyèj la… Sourit la te sòti ak pridans, pran sant lè a, epi l te kouri tout kous pou l rive anba kanape a… Tichat la, lè yo te lage l, te vire kouri rive anba tab la avèk ke l anwo.
“Li chape! Chape!” Pyotr Demyanich te rele avèk kolè. “Kikote li ye, selera a? Anba tab la? M ap regle avè w.”
Tonton mwen te trennen tichat la sòti anba tab la e li te sekwe l.
“Ti kreten,” li mamòte, ap ba l yon kalòt. “Pa w! Pa w! Eske w ap chata pwòchen fwa a? Salòp!”
Lòt jou a, Praskovye te tande misye rele l ankò:
“Praskovya, gen yon sourit nan pyèj la! Mennen tichat la isit la!”
Apre skandal lavèy la, tichat la te rifijye anba recho a e li pat sòti pandan tout lannuit. Lè Praskovya te trennen li sòti anba recho a, ap kenbe l dèyè kou a pou l mennen l nan biwo a, e li te mete l devan pyèj sourit la, zannimo a te tranble ap kriye tankou yon ti bebe.
“Dabò annou kite l santi l alèz,” Pyotr Demyanich òdone. “Kite l gade e pran sant lan. Gade e aprann non! Rete, lavoum!” li rele ap remake ke tichat la tap kyoule. “M ap toufounen ou! Kenbe zorèy l! Se sa… Ebyen, mete l devan pyèj la…”
Tonton mwen te ouvri pòt pyèj la dousman… sourit la te kouri ak tout boulin anba nen tichat la, li te frape men Praskovye epi disparèt anba gadmanje a; tichat la te santi l delivre, alò li te fè yon vòl san espwa pou l chape kò l anba kanape a.
“Li lage yon lòt sourit!” Pyotr Demyanich rele. “Apa li yon move chat! Bèt repiyan an! Kale li! Kale li toupre pyèj sourit la!”
Lè twazyèm sourit la te tonbe nan pyèj la, tichat la te tranble kon fèy bwa lè li te wè pyèj la ak prizonye a, epi li te grifonnen men Praskovya a… Apre katriyèm nan, tonton mwen te fè move san, ap ba l kout pye e li te di konsa:
“Retire l nan kòsaj mwen! Voye jete li byen lwen! Li initil!”
Youn ane te pase, e ti chat mens ak fèb la te fin yon gwò chat mawon fò ak saj. Yon jou li te travèse lakou yo pou l fè yon rankont womantik. Li te fèk rive lè l te tande yon chuichui, se te yon sourit ki te sòti anba yon ganmèl pou l rive yon ekiri; ewo m te sezi, cheve li te kanpe debou, li te koube do l, ap tranble kon fèy bwa, epi li te chape poul li.

Woy! Detanzantan mwen menm mwen santi m tankou chat timid ridikil la. Tankou tichat la, anpil ane pase tonton mwen te ban mwen menm leson tou, li te ban m leson lang laten an. Alèkile, lè m wè yon zèv Ròm ansyen, olye pou m vin enterese, mwen kòmanse raple m, ut colectivum, vèb iregilye yo, figi gri pal tonton mwen, ablatif absoli a… Mwen blanchi, cheve mwen kanpe debou, e, tankou chat la, mwen chape poul mwen.

Devan Lalwa (Franz Kafka, 1915)

Devan lalwa, gen yon gad. Pandan l ap kanpe la devan lalwa, yon abitan abòde li, e mande l pou l jwenn aksè lalwa. Men gad la di li pa ka jwenn aksè lalwa nan moman sa. Abitan an konsidere sa, epi li mande l si li ka antre pita. “Li posib,” gad la di, “men pa kounye a.” Paske pòtay la ouvè, kòm dabitid, e gad la kanpe sou kote a, moun lan koube do l pou l ka gade ladan l. Gad la remake sa. Li ri epi li di konsa: “Si w oze, al eseye antre malgre prigad mwen. Men fè atansyon! Mwen pwisan anpil, sepandan mwen se gad ki mwens pwisan lan tout la. Nan chak koridò te gen youn gad apre lòt, e chak pi terib pase denyè a. Twazyèm gad la menm, li sitèlman terib ke mwen pa ka sipòte gade li.” Abitan an pat atann difikilte sa yo; dapre li, Lalwa ta dwe disponib pou tout moun nan tout tan, men lè li gade gad la, avèk gwò manto fouri li ak gwò nen pwenti li ak bab mens e nwa li, li deside tann jiskake l resevwa pèmisyon. Gad la ba l yon chèz e kite l chita sou yon kote pòt la. Li chita la plizyè jou ak an. Li eseye genyen pèmisyon antre anpil fwa, e pèsistans li annuiye gad la. Souvan gad la mande l kèk kestyon osijède kay li e lòt bagay konsa, men kestyon yo toujou pose ak endiferans, pòtre yon gwo chabrak, epi anfinal li toujou di ke moun poko gen dwa antre. Abitan an, ki te mennen anpil bagay avè l pou vwayaj li, bay tout pou l grese pat gad la. Gad la aksepte tout, men li toujou di konsa: “Map sèlman pran bagay sa yo pou w pa panse ou te neglije anyen.” Pandan pakèt ane sa yo, moun lan fikse atansyon li sou gad la nèt. Li bliye lòt gad yo, e li kòmanse panse ke gad sa se sèl barye devan Lalwa. Li modi malchans li, dabò li rele; men pita, lè l vin pi gran, li bougonnen sèlman. Li devni enfanten, e pandan ane yo pase li kòmanse rekonèt pis ki abite nan manto fouri li yo, e li mande pis yo ede l chanje lide gad la. Alafen, vizyon moun lan kòmanse deteryore, e li pa konnen si fènwa ap vini oubyen je li yo ap tronpe li. Nan nouvo fènwa sa, li ka sèlman konsyan ke gen yon gwò limyè kap soti potay Lalwa san fen. Kounye a pa gen apil tan ki rete pou li. Anvan li mouri, tout eksperyans ki te rive pandan ane yo devan pòtay la ransanble nan tèt li, e yo fè l jwenn sèl kestyon ke li pat mande gad la a. Li fè yon siyon, paske li pa ka leve kò rèd li ankò. Gad la dwe koube do li, paske abitan an te fin ratresi anpil. “Kisa ou vle konnen kounye a,” gad la di. “Ou pa janm satisfè.” “Men se pou tout moun chèche aksè lalwa,” moun lan di. “Poukisa pèsonn pat vini mande pèmisyon antre pandan tout ane sa yo?” Gad la rann li kont ke moun lan te rive fen lavi li, e li rele fò pou moun preske soud sa ka tande l, li di konsa: “Pa gen lòt moun ki ta ka jwenn aksè isit la. Pòtay sa te fèt pou ou menm sèlman. Map fenmen l kounye a.”