Kimoun ki koupab? (Anton Chekhov, 1886)

Tonton mwen, Pyotr Demyanich, se yon nonm ki gen move jan, egzakteman tankou yon pwason pouri avèk yon fouchèt ladan l. Yon jou li tap prepare l pou l ale lise kote l se te ansenyan laten an, lè l te remake ke sourit te fin moulen rabò diksyonè laten li.
“Gade non, Praskovya,” li di kwizinyèz la lè l te antre nan kuizin nan. “Poukisa nou gen sourit lakay? Map di w! Yè se te chapo mwen ke yo te moulen, epi jodi a yo te defigire diksyonè laten mwen an… Si nou pa fè yon kichòy se rad mwen yo y a manje.”
“Kisa m ka fè? Mwen pat mennen yo anndan,” Praskovya di.
“Fòk nou fè yon kichòy. Ou ta dwe achte yon chat, pa vre?”
“Mwen gen yon chat, men li initil.”
Praskovya te lonje dwèt li sou yon tichat, mwens tankou yon alimèt, ki tap dòmi bò kote yon bale.
“Poukisa li initil?”Pyotr Demyanich mande.
“Li jèn anpil, e sòt tou. Li poko gen de mwa.”
“Ebyen… Fòk nou antrene li. Pito li aprann pase li dòmi konsa.”
Pyotr Demyanich te pase yon soupi kagou, epi li te pàti. Tichat la te leve tèt li, gade misye k ap pàti a, epi fenmen de je li ankò.
Men tichat la pat dòmi touswit. Li rete la ap panse. Kisa li panse? San eksperyans lavi, san enpresyon lemonn nan espri l, refleksyon li yo te ka sèlman baze sou ensten an, e li te ka sèlman konsevwa lavi dapre lide ke li te erite, ansanm avèk chè ak san, nan men zansèt li yo, tig yo (wè Darwin). Refleksyon li yo te tankou rèv. Imajinasyon li konn konsevwa lemonn toutotou li tankou dezè arab la, avèk lonbraj ki deplase ki sanble ak Praskovya, recho a, bale a. Toudennkou, nan mitan lonbraj yo, yon soukoup avèk lèt te parèt; soukoup la te kòmanse pouse kat pat, li te tonbe bouje e sanble gen tandans kouri; tichat la bondi, e avèk yon sansasyon sovaj, li kenbe soukoup la nan grif li yo.
Apre soukoup la te disparèt nèt, yon moso vyann te parèt (se te Praskovya ki te kite l tonbe la). Vyann lan te pran kouri ap kriye avèk lachte, men tichat la te bondi e vare l avèk grif li yo… Chak bagay ki rive devan imajinasyon ti revè a te vin asosye ak vòl, dan, e grif… Nanm yon lòt se toujou fènwa a, e nanm yon chat plis pase pifò nan yo, men nou ka wè mezi deskripsyon imajinasyon chat la korek gras a sa ki te rive pwòchen an: Lè li tap reve konsa, toudennkou li te leve brip, ap gade Praskovya ak dife nan de je li, bonbe kò l, e bondi sou jip kwizinyèz la ap sezi l avèk grif li yo. Klèman li te fèt pou atrape sourit, se te desandans zansèt sanginè li yo san di pètèt. Ondire ke sò li se te pou l vin tèrè gadmanje yo a, e si yo pat janm eseye antrene l… Ebyen, rete gade, ou a wè.
Lè li te anrout lakay sòti lise a, Pyotr Demyanich te fè yon rive nan yon boutik, li te achte yon pyèj sourit pou kenz kopek (kòb ris). Pandan soupe, li te mete yon ti moso pate li sou zen an, epi li te mete pyèj la anba kanape a, kote te gen yon pil ansyen kaye etidyan pwofèse yo, ke Praskovya te konn itilize pou netwaye lakay. A sizè di swa, lè pwofèse laten vanyan an tap chita ap korije devwa etidyan li yo, te gen yon son sibit — bow! — sitèlman fò ke tonton mwen te sezi, li te kite plim li tonbe. Lamenm li te jwenn kanape a e li te wete pyèj la anba li. Yon ti sourit pròp te anndan pyèj la ap enspekte fil yo e tranble.
“Ebyen,” Pyotr Demyanich te bougonnen pandan li tap gade sourit la avèk yon ekspresyon malisyòs (tankou li tapral ba l yon move nòt). “Ou pri, selera! Tann gade, map montre w sa k rive lè ou wonyen diksyonè m.”
Apre l te fin joure viktim li, Pyotr Demyanich te mete pyèj sourit atè, epi li te rele konsa:
“Praskovya, gen yon sourit nan pyèj la! Mennen tichat la isit la!”
“M ap vini!” madanm nan reponn, e apre yon ti moman li te antre avèk desandans tig yo a nan bra li.
“Bon bagay!” Pyotr Demyanich di, ap frote de men li ansanm. “N ap ba l yon leson… Mete l atè devan pyèj la… Bon… Kite l pran sant sourit la e gade li… Se sa…”
Tichat veyatif la te gade tonton mwen ak fotèy li, li te pran sant pyèj sourit la, espri l bwouye, epi li te sibitman vin pè, pwobableman akòz limyè lanp lan ak de moun ki tap fikse li, e li te tonbe kouri vè pòt la.
“Rete!” tonton mwen te rele, ap kenbe ke tichat la, “rete salòp! Li pè yon sourit, bèkèkè! Gade! Se yon sourit! Gade non! Gade l, m di w!”
Pyotr Demyanich pran tichat la li te kenbe l dèyè kou ap fòse l gade sourit la nan pyèj la.
“Gade, sanzave! Pran li e kenbe l, Praskovya… Mete l devan pòt pyèj la… Lè m kite sourit la sòti, ou ap lage tichat la lamenm… Ou tande? Lage l kounye a!”
Min tonton mwen an te vin misteryèz, e li te ouvri pòt pyèj la… Sourit la te sòti ak pridans, pran sant lè a, epi l te kouri tout kous pou l rive anba kanape a… Tichat la, lè yo te lage l, te vire kouri rive anba tab la avèk ke l anwo.
“Li chape! Chape!” Pyotr Demyanich te rele avèk kolè. “Kikote li ye, selera a? Anba tab la? M ap regle avè w.”
Tonton mwen te trennen tichat la sòti anba tab la e li te sekwe l.
“Ti kreten,” li mamòte, ap ba l yon kalòt. “Pa w! Pa w! Eske w ap chata pwòchen fwa a? Salòp!”
Lòt jou a, Praskovye te tande misye rele l ankò:
“Praskovya, gen yon sourit nan pyèj la! Mennen tichat la isit la!”
Apre skandal lavèy la, tichat la te rifijye anba recho a e li pat sòti pandan tout lannuit. Lè Praskovya te trennen li sòti anba recho a, ap kenbe l dèyè kou a pou l mennen l nan biwo a, e li te mete l devan pyèj sourit la, zannimo a te tranble ap kriye tankou yon ti bebe.
“Dabò annou kite l santi l alèz,” Pyotr Demyanich òdone. “Kite l gade e pran sant lan. Gade e aprann non! Rete, lavoum!” li rele ap remake ke tichat la tap kyoule. “M ap toufounen ou! Kenbe zorèy l! Se sa… Ebyen, mete l devan pyèj la…”
Tonton mwen te ouvri pòt pyèj la dousman… sourit la te kouri ak tout boulin anba nen tichat la, li te frape men Praskovye epi disparèt anba gadmanje a; tichat la te santi l delivre, alò li te fè yon vòl san espwa pou l chape kò l anba kanape a.
“Li lage yon lòt sourit!” Pyotr Demyanich rele. “Apa li yon move chat! Bèt repiyan an! Kale li! Kale li toupre pyèj sourit la!”
Lè twazyèm sourit la te tonbe nan pyèj la, tichat la te tranble kon fèy bwa lè li te wè pyèj la ak prizonye a, epi li te grifonnen men Praskovya a… Apre katriyèm nan, tonton mwen te fè move san, ap ba l kout pye e li te di konsa:
“Retire l nan kòsaj mwen! Voye jete li byen lwen! Li initil!”
Youn ane te pase, e ti chat mens ak fèb la te fin yon gwò chat mawon fò ak saj. Yon jou li te travèse lakou yo pou l fè yon rankont womantik. Li te fèk rive lè l te tande yon chuichui, se te yon sourit ki te sòti anba yon ganmèl pou l rive yon ekiri; ewo m te sezi, cheve li te kanpe debou, li te koube do l, ap tranble kon fèy bwa, epi li te chape poul li.

Woy! Detanzantan mwen menm mwen santi m tankou chat timid ridikil la. Tankou tichat la, anpil ane pase tonton mwen te ban mwen menm leson tou, li te ban m leson lang laten an. Alèkile, lè m wè yon zèv Ròm ansyen, olye pou m vin enterese, mwen kòmanse raple m, ut colectivum, vèb iregilye yo, figi gri pal tonton mwen, ablatif absoli a… Mwen blanchi, cheve mwen kanpe debou, e, tankou chat la, mwen chape poul mwen.

No comments:

Post a Comment